Radyo Ayisyen nan Brezil (Utinga, Santo André) - we are a nation
BREAKING NEWS

segunda-feira, 27 de fevereiro de 2017

Radyo Ayisyen nan Brezil (Utinga, Santo André)

Yon Ekipe ayisyen byen Monte Reyini Plisye Fwa pou Mete Kanpe yon Estasyon Radyo nan Brezil. 
sa  te pran plizye jou men yo youn pat dekouraje. jou kite 20 oktob  2016 la, Montalais pierre youn nan manm radyo a te chita ak yon asosiyasyon ayisyen ki oganize avek  pere Dickson ST.Hilaire nan lokal apwi pou imigran yo.
objektif jen sa yo se make istwa ayisyen yo nan brezil e nan mond antye.
jou apre jou yo reyini nan lide pou yon lot vizyon pou radyo a .
non radyo a rive chwazi ak youn nan manm ekip la, ki ta vle fè kwè ke radyo se pal.
radyo a te rele radyo JHP ki te gen pou definisyon l "radyo James"
plizye chita pale ak lot manm yo,  yo arive defini menm non sa a sou yon lot preteks .
kounye a R>J>H>P li rele Jeunes Haitiens Progressistes se non sa ki rive vote ak tout manm yo.
yon dimanch 20 janvye 2017 nan 4h00 nan apre midi tout moun te reyini e asepte non an Rdyo(J.H.P)
radyo sa chita kol nan santo andré nan yon zón ke yo rele utinga.andan lokal apwi imigran yo.
objektif radyo sa, se pou sèvi tout popilasyon ayisyèn nan menm sa yo ki pa ayisyen tou.
nan sa ki gen ak wè ak dokiman ,kom renouvle paspó,CPF,viza,jwenn travay ak anpil lot pwoblem ke yap konfwonte. 
epi jwenn solisyon si se posib ak dives aktivite sou dwa e devwa imigran nan brezil.
radyo sa ouve pot li pou bay kelkeswa pep la, pou fè emisyon ,revandikasyon ak lot anko.
dapre DT a nan langaj administatif radyo ki vle di "Direkte Teknik"fè konnen kelkeswa andwa ou ta sitiyew wap kapab fè emisyon sou radyo J.H.P san difikilte.
Direkte teknik sa a kreye yon aplikasyon espesyal pou radyo a ki pa menm yon 1 MG .
wap kapab telechajel sou telefon ou epi ou tande radyo a kelkeswa andwa ou sitiyew.
diretè teknik la james Marius kontinye pale poul di zafè fè emisyon an li konsene tout moun.
mèmsi ou pap viv brezil wap kapab fè emisyonw san pwoblem.
PDG radyo a, Montalais Pierre te elanse nan jou ki sot pase yo, ke Radyo JHP se radyo pep la.
radyo ap fonsyone 24/24 sou entènèt www.radiojhp.com



https://www.youtube.com/watch?v=cCxVpHE2pgE


Postar um comentário

 
Copyright © 2014 we are a nation